
GRENN PWONMENNEN!
- Youn peyi san lavni
- pa Gwen Pwonmennen
Mwen vle nou byen konprann tit atik la lè nou ekri “Youn peyi san lavni”. Kivedi sa nou wè sa yo rele Ayiti a pa p ka kenbe pou lontan. Alò nou di « De ki prevyen?” Enben, lavni peyi a se ti mounn yo k ap leve kounnye a. Epi, selon tou sa n ap konstate, ti mounn nou yo ap sibi tèlman, pa gen avni pou yo. Alò, si pa gen avni pou yo, peyi a san lavni! Mounn yo ap rele anmwey ! Yo pa konnen sa pou yo fè ! kibò yo pral kache pou gang pa vin dechouke yo.
Gen mounn ki konpran mwen egzajere. Si m egzajere, mwen pa pou kont mwen. Paske jedi pase, dizon nan dat 28 fevriye, UNICEF fè gwo deklarasyon sou sitiyasyon timounn ann Ayiti. Òganizasyon Nasyon Zini sa a ki la pou veye sou lavi timounn tou patou nan lemonn, fè gwo deklarasyon sou timounn Ayiti. Selon UNICEF, pa gen chans pou timounn al lekòl paske gang yo pran youn bann ladan yo, byen jèn, osi jèn ke 8 an, 10 zan, pou fè yo rantre nan gang. Epi lè w nan gang pa gen al lekòl. Dayè, mwa pase a, Geetanjali Narayan, ki se reprezantan UNICEF ann Ayiti di jounalis yo gang yo detwi 47 lekòl nan Photoprens, vin mete sou 284 yo te detwi nan lane 2024 la.
De jou an jou se pa pakèt gang yo ap pran timounn yo
Selon Madan Narayan, nan lane 2024 la, gang te rekrite 70 pou san 70%) plis jenn timounn. (Fòk nou konprann lè y ap pale de ti mounn, se sa yo ki gen 18 an ou mwens. E kòm mwenn deja di, yo pran timounn 8 an, 10 zan vin mete yo nan òganizasyon yo. Se yo ki veye pou chèf gang yo pou di yo sa k ap pase nan zòn bò lakay yo. Konsa gang yo konnen kilè ki pi konvnab pou y atake. Epi ti mesye yo al fè komisyon pou chèf yo, ki fè bèbèl ak yo. Kanta pou ti medam yo, se yo menm ki sèvi kòm bòn, epi mesye yo kouche sa k pi gran yo ki pa ka di non. Jan sa ap dewoule ann Ayiti, timounn yo ap elve tankou ti gang.
Men gen youn pawòl yo di an franse ki aplike pou yo tou. Se “le revers de la médaille ». Lavi yo pa vo anyen. Lè lapolis fè youn debakman, yo sibi menm jan ak tout bandi. Se sa k te rive 2 ti bandi semèn pase a nan gwoup 400 Mawozo a, nan Kwadèboukè, lè lapolis te debake. Gran nèg yo te gentan met deyò. Lapolis met lapat sou 2 timounn yo, apèn 10 zan.
Fòk yo konsidere pwogram DDR la nan rezoud kesyon gang nan
Mwen menm, mwen anfavè pwogram DDR la : (Dezameman, Demobilizasyon e Re-entegrasyon) pou nou rezoud problèm gang nan. Nou pa ka trete tout gang yo menm jan, tankou gen mounn ki di se pou n touye tout. E bann timouunn yo ki nan gang, menm lè se pa yo ki te chwazi sa ? Alò, nou pa ka trete tout gang yo menm jan. Nou pa ka touye tout, osnon voye tout nan prizon avi. N ap bezwen konsidere sa yo ki ka re-entegre. Wi, fòk nou re-entegre timounn yo nan sosyete a. Y ap oblije suiv youn pwogram de “lave sèvo” nan lekòl ki fèt pou sa. Pral gen sikyat ak sikilòg (psychiatres et psychlogues) pou fè travay la, paske nou pa ka pèdi lavni Ayiti, akòz gouvènman Ayisyen an ki pa fè sekilfo pou peyi a jwenn sekirite kilfo pou mounn ka fè sa yo dwe fè: ale kote yo dwe ale, voye timounn yo lekòl epi dòmi anpè.
Nou nan Kalfou Desizyon
Se poutèt sa nou rive nan youn kalfou avèk kesyon Ayiti a. Se Kalfou Desizyon. Èske nou ka rete ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon sa a, sa yo rele CPT a an franse? Youn gouvènman ak 9 prezidan, 7 ki ka vote epi 2 obsèvatè. Dizon ke se youn prezidans 7 tèt! Yo la depi plis pase 10 mwa epi yo pa rezoud pwoblèm yo te dwe rezoud tousuit la: Pwoblèm gang nan. E mwen p ap sispann di ke m te di yo, depi plis pase 3 zan, ke « Toutotan kesyon gang nan pa regle, anyen pa ka regle ann Ayiti. » Wi, sa te ekri an gran lèt nan jounal Obsèvatè a. E nou te mete l ann angle ak franse tou. Depi 8 septanm 2021 wi ! Èske se tèt di y ap fè ? Osnon èske se paske yo nan konfyolo ak sèten gang ki fè yo pa ka leve youn ti dwèt kont gang yo.
Enben, si yo pa fè sekilfo kont gang yo prese prese, jan bagay la ap vire kounnye a, avèk gang ki fin mande anraje, ki kontwole plis pse 90 pou san (90%) Port-au-Prince. Osnon Port-aux-Crimes, gang yo pral mache sou yo, menm jan yo fin dechennen dèyè pèp la. Petèt se lè sa a, mesye prezidan CPT yo pral pran desizyon kilfo pou fini ak bandi yo, osnon se lè sa a yo pral pran kouri. Men kouri pou al kibò ? Mwen pa kwè gen okenn peyi ki pral resevwa yo ak tout madanm yo ki se youn bann « Première Dame de la Républlique », ki resevwa tretman yo bay youn “Madan Prezidan”. Epi se konsa yo fin sifonnen tout lajan peyi a. Yo pa fè anyen pou malere, epi peyi ap plonje desann nan youn twou san fon. Menm si l pa tonbe nan twou san fon an vre, pa gen avni pou li, toutotan yo pa jwenn mwayen pou sove timounn nou yo, ki pa gen lavni, toutotan se gang k ap fè e defè.
Se konsa nou wè sitiyasyon an. Pinga yo di yo pa t konnen. M ap repete sa m toujou di yo : Pi bonnè se granm ti maten. Klòch midi gentan sonnen. Alò se youn kesyon de pye kout pran devan !