GRENN PWONMENNEN
- Se nan tèt pwason kòmanse pouri pa Grenn Pwomennen
«C’est par la tête que pourrit le poisson ! » Se sa pwovèb franse a di. San z atann, nou kòmanse gen plis limyè sou jan bagay yo ap dewoule ann Ayiti, sitou sou kesyon vagabonday ka p fèt nan peyi a. Mounn ki te kwè sa chèf pati PHTK a te di a se jwèt pral oblije detwonpe tèt yo. Wi, li se youn «Bandi legal» e se sou li tout lòt bandi yo kopye pou fè nenpòt vye zak. Lalwa pa egziste pou yo. Tèt pwason an gate ! San dout, nou gen tan pran nouvèl la.Youn senatè PHTKlapolis arete nan youn machin yo t ap suiv depi 2 semèn. Paske se menm klas machin sa a yo te sispèk nan plizyè ka kidnapin. Se youn machin gri, mak Prado, ki pa gen plak men ki gen gwo limyè anlè machin nan,menmjan akmachin polis yo, osnon sa nou konn wè sou tèt anbilans yo. Kivedise machin ki gen priyorite lè yo pran nan trafik.Yo annik pase limyè yo ak sirèn pou yo pase tout boulin. Machin espesyal pou fè kidnapin, nèspa ?
Enben, jou jedi 12 mas la, demen ap fè 8 jou, lapoliste arete senatè Kedlè Ogisten (Kedlaire Augustin) ant 2 e 3 zè nan laprè-midi, nan zòn Puis Blain, anwo Dèlma, nan vwatisa a yo t ap chache a. Yo wonfle msye anba kou, yo fese l atè, yomare l ak kòd tankou yo konn fè pou vòlè bannann lè yo kenbe yo. Le landmen, nan deklarasyon pa l, senatè a di li te fè polisye yo konnen ke se senatè li ye. Se senatè Kedlè Ogisten ! Yo kontinye maltrete l, paske yo pa ta ka kwè ke se youn senatè ki ak gwo bòt nan pye l, chemiz lage deyò pantalon l jan vagabon yo mache nan lari a. Polisye yo mare msye kou krab epi yo mennen l nan komisarya Polis ki nan Dèlma 33 a, la a nan Pòtoprens.
Sanble ke polisye yo resevwa youn nouvo modòd. M ap mande si se Premye minis la, Jozèf Jout (Joseph Jouthe), ki di Lapolis fèt pou fouke toutmounn yo jwenn k ap fè sa k pa sa. Fò n pa bliye ke antan ke Premye minis, se li menm ki kòmandan an chèf CSPN (Conseil supérieur de la Police nationale). Nèspa vrè ke Jozèf Jout di li se «Premye polisye» nan peyi a?
Antouka, pa genmanti nan sa. Semachin sa amenmLapolist ap chache depi 2 semèn, paske li te mele nan 9 zak kidnapin. Sa k touye senatè a nèt se pawòl kestè (questeur) Sena a. Antan ke kestè, ki anchaj finans nan Sena a. Se Ralf Fetyè (Ralph Fethière) ki te fè vit pou wete Sena a nan eskandal la. Li kouri ekri sou menm kote premye enfòmasyon an te parèt la pou l di : «Plak machin nan ak papye l nan Sena a depi 2 semèn». Kivedi, pa gen mank nan sa, machin Lapolis kenbe a se machin senatè Kedlè Ogisten an.
Men 18 è d tan te gen tan pase anvan pawòl la te pran lari. Jounalis Gari Pyè Pòl Chal (Gary Pierre Paul Charles) se premye mounn ki te met koze a deyò nan Scoop Fm ni an. Vennkatr è pita, prezidan lòt 9 senatè yo, ki toujou an fonksyon, mete youn kominike deyò, swa dizan pou defann kòlèg li. Se nan dat 14 mas li te met koze a deyò pou l di keLapolis maltrete senatè a menm lè yo te konnen se youn senatè Repiblik la li ye. Li estomake fopaplis.
N ap bay, an franse, nòt ki gen siysati prezidan Sena a, Pyè Franswa Sildò (Pierre François Sildor), e n ap di Vant Bèfinfinfo mèsi. Men kominike a : «Le bureau du sénat de la république condamne avec la dernière rigueur ce comportement inqualifiable d’une patrouille policière oublieuse de sa mission de protéger et servir, et prenant un plaisir malsain à terroriser et molester les honnêtes citoyens, surtout un membre du pouvoir législatif couvert par l’inviolabilité de l’article 114 de la constitution haïtienne. « Il demande à l’inspection générale de la police nationale d’Haïti (IGPNH) et au conseil supérieur de la police nationale d’Haïti (CSPN) de diligenter une enquête pour identifier ces policiers encagoulés auteurs de telles dérives susceptibles de ternir la réputation du corps tout entier et de créer une psychose de peur envers les chevaliers de l’ordre public».
Pou fini, Biwo Sena a di piblikman la p prezante senpati pou senatè Kedlè Ogisten. An plis de sa, prezidan Sena a mande pou gen youn reinyon prese prese ak tout senatè yo pou yo pran youn pozisyon ansanmansanmsou zak sa a, epi tou desizyon pou yo pran pou gen reparasyon ak redresman ki nesesè. Kidonk,senatè yo konprann kòmandman Polis la pral oblije pini polisye yo ki te arete e bat senatè a, san dout pou yo prezante l eskiz e menm dedomaje l, petèt youn milyon dola pou senate-kidnapè a. Senatè yo ka menm mande pou polisye yo met ajenou devan senatè a epi kòm gwo pinisyon se pou yo ranvwaye yo, yo pa ka nan polis la ankò.
Pandan ke senatè yo kouri pran pou kòlèg yo ki sanble nan kidnapin, osnon ki zanmi kidnapè, gen youn gwoup jèn gason ak fanm nan Pòdpe (Port de Paix) ki mete kèk verite deyò. Kòm nou konnnen senatè Kedlè Ogisten se younn nan reprezantan depatman Nòdwès nan Sena a e Pòdpe se kapital depatman an. Se youn lèt byen long yo ekrisenatè a. Menm si yo adrese msye «Honorable sénateur»,sa yo ekri a pa ditou «onorab».
Se gwoup « Jèn Je Klere » ki bay kèk presizyon ke m ap pataje ak nou. Premyèman, mesye ki responsab kominikasyon pou senatè a se Denis Louis Alex, ki gen ti non Don Diego. Msye se youn depòte ki te pran prizon Ozeta-Zini anvan yo te pimpe l ann Ayiti. Don Diego te pran youn kout prizon ann Ayiti tou, paske li te mele nan youn kesyon dwòg epi zam ilegal nan zafè Alain Désir a. Se lè tranblemanntè 12 janvye 2010 la ke Don Diego te sot nan Penitansye Nasyonal la, gras a senatè Mélius Hyppolite.
Yo di senatè a konn trè byen se pa li sèlman ki kondui machin nan. Byen souvan Don Diego soti ak machin nan. Okontrè, selon sa Lapolis di, te gen youn lòt gason avè l nan machin nan lè yo te arete l la, men yo pa bay non l, ni yo pa disi msye te arete tou e sa k pase avè l. San dout se te Don Diego. Epi tou, yo pase pran senatè a sou youn lòt pwen. Yo fè l sonje ke li te fè patisenatè yo ki te resevwa san mil dola (100 000,00 $) nan men Fritz William Michel pou vote pou li kòm Premye minis. Kidonk, devan grinbak, senatè Kedlè Ogisten pa fè bak.
Yo di senatè a pa ka pran yo pou egare. Ban m ban nou koze a jan yo bay li a : «Il ne faut pas prendre les enfants du bon Dieu pour desimbéciles». Selon tou sa jènPodpe yo di, yo konnen senatè Kedlè Ogisten byen. Se pa konsa konsa li pranDonDiego foure anba fal li. Nou menm, nou ta di «Zwazo menm plimaj vole ansanm». Kidonk, anvan pou to ta menm mennen senatè a nan tribinal, yo di l koupab.
Men prezidan Sena a, Pyè FranswaSildò, gen tan di ke selon atik 114 Konstitisyon an, polisye pa t gen dwa met men sou senatè a epi bimen l jan yo bimen l nan. Senatè gen iminite, sètadi yo ka fè nenpòt bagay, lapolis pa ka arete yo.Youn lòtfason nou ka di l : Yo se «Bandi legal», lalwa pa gen fòs sou yo. Yo mèt vòlè lajan Leta, jan prezidan PHTK a te fè jouk li bati youn chato bò lanmè pou 9 milyon dola (9 000 000,00$), pèsonn pa ka manyen l. Okontrè, li konprann li pral tounen pou vin fè plis dega toujou. Se li menm ki trase egzanp pou tout lòt PHTKis yo. E senatè Kedlè Ogisten pa wè okenn mal nan sa si l antre nan kidnapin, osnon prete machin ni pou al fè kidnapin, men pa pou granmesi. Se polisye yo ki pa nan wòl yo vin leve men sou li, fese l atè, mare l kou krab. Fòk yo peye sa chè !
Youn polisye, «Agent 3», ki bay non, Jozèf Dòvilyen (Joseph Dorvillien), di li te la lè arestasyon senatè Kedlè Ogisten an. Li pare pou l temwaye sou kesyon an. Li konplimante jèn mesye dam Podpe yo ki bay anpil enfòmasyon sou senatè depatman yo a. Asireman, yo menm tou, yo pare pou temwaye. Alò, pou kisa y ap eseye kase fèy kouvri sa a menm ? Peyi a fin pouri, paske mounn yo ki alatèt li yo se tankou pwason tèt pouri. Se konsa tout kò a, sètadi peyi a, pa ka nan anyen ki bon. Li fin pouri tou.
Sèl sa k pou soveAyiti, se jèn tankou jèn Podpe yo ki pa nan sere kras pou pèsonn; se jèn Petrochallengers yo ki di yo p ap dòmi jouk yo jwenn bout bann vòlè yo ki disparèt plis pase 4 milya dola (4 000 000 000,00$) ki te ka chanje vizaj tout Ayiti; se polisye eklere, ki pa respekte vòlè, menm lè yo se chèf ki gen im nite. Wi, se sou yo nou ka konte pou bagay yo chanje. Li lè, li tan, pou n kwape tout vòlè ak kidnapè ki konprann nou se youn bann enbesil. « Il ne faut pas prendre les enfants du Bon Dieu pour des imbéciles ! » Grenn Pwonmennen 18 mas 2020
Cet article est publié par l’édition de l’hebdomadaire Haïti-Observateur du 18 mars 2020 VOL. L No. 10, et se trouve en P. 6 à : http://haiti-observateur.ca/wp-content/uploads/2020/03/H-O-18-March-2020-1.pdf