Youn Diktati Lokal ak Ansasen Etranje

Kreyòl

  • GRENN PWONMENNEN
  • Youn diktati lokal ak ansasen etranje pa Gren Pwonmennen

N ap kontinye ak youn sijè nou te kòmanse semèn pase a e ki kontinye domine konvèsasyon deyò a. Se kesyon mesye yo ke Lapolis te arete nan Pòtoprens ak youn bann zam fann fwa nan dat 17 fevriye. Nan laprèmidi byen ta, jou dimanch la, lè prèske tout bizinis te fèmen, sitou bank santral la, Banque de la République d’Haïti (BRH), sa mesye yo t ap fè nan zòn nan ?

Jouk kounnye a, mounn ap fè tout klas sipozisyon. Gen sa k di mesye yo te vin pou kase bank la pou pran dènye ti rezèv dola ki te nan gwo kofrefò labank la. Si yo te reyisi, prezidan Jovnèl Moyiz t ap tou met deyò ak rès lajan peyi a. Gen lòt ki di mesye yo te bezwen monte sou do bank la ki domine bilding Primati ak Palman e ke yo te pare pou touye Premye minis la pandan li t ap vin travay, e menm kèk palmantè k ap bay prezidan an pwoblèm. Jiska prezan anyen pa fin klè. E nou pa tande gouvènman louvri okenn ankèt pou konnen vrè kesyon an e bay youn esplikasyon ofisyèl pou sispann tout vye sipozisyon.

Sa k klè nan tout kesyon an, sè ke mesye yo te vin an misyon pou gouvènman Jov nèl la, paske Blan ki sanse te anchaj sa l rele Ekip la, esplike kèk bagay, menm lè li pa fin bay tout koze a. Nan seksyon « Nouvelles Brèves » an franse, semèn pase a, nou te pibliye youn nòt chèf Ekip la te ekri epi ki te parèt nan en tè nèt sou Instagram. Mesye Christopher Michael Osman, ki gen ti non Chris, t ap dechaje konsyans li. Li ekri ke «Ekip la te ann Ayiti pou sekirite mounn ki konekte dirèkteman ak prezidan ki la a». Asireman nou konnen ki prezidan ki te la nan dat 17 fevriye e ki toujou la kounnye a, pa vre ? M pa bezwen eple non l ban nou.

Men poukisa se jouk EtaZini y al chache mounn pou bay gwo otorite sekirite ann Ayiti ? M konnen gen mounn ka kouri di m, « Ou pa sonje kijan se menm klas Blan sa yo ke prezidan Aristid te genyen bò kote l pou ba l sekirite lè l te tounen nan peyi a nan lane 1994 ? Pa gen mal nan sa ». Eksepte ke Blan pa Aristid yo pa t gen tout zam fann fwa sa yo. Antouka, nou pap konpare zoranj ak mango, kwake nou sètoblije di se pa Jovnèl Moyiz ki pa fè Ayisyen konfyans nan kesyon sekirite.

Si n kite Chris Osman pale, nou ka tande plis koze toujou. Msye ekri : « Yo t ap itilize nou tankou pyon nan youn batay piblik ant prezidan ki la a avèk Premye minis peyi a ». Nou tande koze a. Blan an pale byen klè poukisa yo te gen tout gwo zam fann fwa sa yo. Se pou yo te itilize nan «batay» ant Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) ak Jan Anri Seyan (Jean Henry Céant). M ap tann pou yo demanti Chris Osman. Kivedi lè Premye minis la pale de ansasinay, sanble l gen rezon.

Mesye yo te gen zam ki penmèt yo keyi youn mounn a youn demi kilomèt de distans. Wi, se pou sa yo fè fizi otomatik ki gen teleskòp sou yo. Nou te wè klas mounn sa yo ann aksyon lè gwo manifesasyon 18 novanm nan. Apa de fizi, mesye yo te gen gwo revòlvè ki penmèt yo desann youn mounn tou pre, san w pa tande okenn bri. Se pou sa yo te mache ak gwo revòlvè ki gen sa yo rele « silensye ». Wi, egzateman sa nou ta ka di revòlvè an silans, ki pa fè okenn bri lè w rale gachèt la. Atò kijan nou ka di nou pa konn ki klas « misyon » mesye yo te gen pou yo fè. Epi tou, nou konn ki mounn ki te voye chache yo.

Nou menm, nou pa nan voye wòch kache men, ni nou p ap rele chen chat, osnon pou n di chat se chen. Mesye yo se « mèsenè tèroris » ke mounn k ap travay ak Jovnèl Moyiz te voye chache Eta-Zini. Yo rantre nan peyi a an sekrè, san pase nan sèvis imigrasyon. Se poutèt sa pa gen okenn fèy nan paspò yo ki montre ki dat yo te rantre. Si tout bagay te pase jan sa dwa, kou yo te fin fè djòb la yo t ap disparèt menm jan yo te rantre a. Si pa malè gen mounn ki te vle denonse yo, yo te ka defann tèt yo nan nenpòt ki tribinal. Yo t ap annik prezante paspò yo pou montre se pa vre. Yo pa t janm antre nan savann yo rele Ayiti a. « La preuve en est bien grande ! Men paspò nou, montre nou kote nou wè non Ayiti okenn kote. Gade nan tout lòt peyi kote n pase, men so yo sou paspò nou. Nou menm, nou pa t janm met pye nan peyi modi sa a ». Point barre ! Apa konsa Nèg lakay la konn di.

Enben pawòl franse a di w : « Le méchant fait une œuvre qui le trompe ». Yo pa t konnen se konsa bagay yo te pral pase pou tout mounn te vin wè degre mechanste Ekip Jov nèl Moyiz la. Vrèman, pèsonn p ap kab esplike m kijan prezidan youn peyi gen dwa voye chache ansasen blan jouk lòt bò dlo pou vin masakre pwòp sitwayen lakay li, epi pitit pitit Jan-Jak Desalin wi ! Sa se krim yo rele « haute trahison ».

Epi kounnye a yo retire Kenneth Merten sou dosye Ayiti a epi yo voye youn lòt Blan, David Hale, ki debake lakay nan vandredi premye mas la. Mwen tande li vin pou met lapè, sou pretèks ke se nan « dyalòg » (chita tande) pou tout bagay regle. Mwen pa konprann « dyalòg » sa a, e se pa mwen sèl ki pa konprann li. Gade kijan menm « Religions pour la paix » te di non mèsi yo pa ka rantre nan « dyalòg » prezidan Jovnèl la. Asireman, nou pa bliye kijan pou Nwèl 2014, se òganisasyon sa a ki te sove Mateli (Martelly) ki te nan gwo cho. Se yo menm ki te vin ak solisyon Evans Pòl (Paul), KPlim nan. Fwa sa a « Nèg Bannann nan » fè pi mal pase Mateli. Atò se Blan ki pa byen konprann dosye a ki pral fè sa Ayisyen ki konn peyi yo byen e ki konn ak ki mounn yo annafè deja pa t ka fè, jouk yo rale kò yo, yo di non mèsi !

Jan bagay yo ap mache la a, sa k pral pase « Komisyon ant Ayisyen pou fasilite dyalòg la  » ? Kòm nou konnen, nan landmen, apre 7 mesye «Operasyon Haïti» te kite peyi a lafason nou konnen an, Palè te anonse youn Komisyon ki te gen 7 sitwayen la dan l. Men lè Chal Sifra (Charles Suffrard), dirijan peyizan ki te bay Komisyon an youn sèten prestij, te tande ke se Komisyon an ki pou monte youn lòt gouvènman « ki gen tout mounn ladan » nan 15 jou, li te bay demisyon l. Li te di : « Monte gouvènman se pa travay Komisyon an ».Sa pa t brendeng prezidan an. Lè Dewòz Woudòlf (Dérose Rudolf) pa t parèt nan seremoni inogirasyon an, lendi pase anwo (25 fevriye), sa pa t re gade prezidan an non plis. Li monte Komisyon l nan ak 5 mounn sèlman.

Prezidan Moyiz pa t menm koute konsèy depite Gari Bodo (Gary Bodeau), prezidan Chanm depite a, ki te di l pa kouri monte Komisyon an. Depite a te di l : « Pran youn ti tan pou w reflechi ». Epi silefo, li ta monte youn bon jan Komisyon lajman laj, pou tout mounn santi yo ladan l. Non, se li ki pi gran konnèsè. Point barre ! Dayè, li konprann li gen gwo Blan ki avè l.

Si prezidan an te mande lòt mounn ki deja viv menm eksperyans sa yo, yo ta explike l kijan sa te pase nan epòk jeneral Kolin Powèl (Colin Powell). Se msye ki te sekretè Deta sou prezidan Jòj W. Bouch (George W. Bush). Lè Aristid t ap pran gwo presyon nan kòmansman lane 2004, jeneral Powèl te di Aristid pap fè youn pa Kita, youn pa Nago. Epi 2 semèn apre se te babay Ayiti, yo vin chache Titid nan avyon « Air Force » ameriken pou mennen l ann egzil ! Asireman m konn gen mounn k ap di  «Autres temps autres mœurs». E mwen menm, mwen di : « L’histoire est un perpétuel recommencement ».

Anvan m kite, m ap mande sa k pase ak lèt Konsèy si peryè Polis jidisyè a (CSPJ) te voye bay minis Lajistis Jan Woudy Ali a (Jean Roody Aly) nan dat 21 fevriye a ? Konsèy la, ki sou direksyon jij Kou kasasyon an, Rene Silvès (René Sylvestre), te di sa k pase a se youn « aksyon ilegal e abitrè » e konseye yo te fache fo pa plis. Yo mande explikasyon sou kijan «mèsenè tèroris » yo te jwenn liberasyon yo e pati kite peyi a menm jou 20 fevriye a. Kòm nou konnen, se prezidan Jovnèl Moyiz ki te nonmen jij Silvès nan dat premye fevriye alatèt Kou de kasasyon. Kidonk, Mèt Silvès, ki sanse mounn prezidan an, pa dakò ak sa j pase a.

Sa k pase tou ak lèt Premye minis Seyan te voye bay minis Lajistis la menm jou 21 fevriye a ? Antan ke chèf Konsèy siperyè Polis nasyonal la (CSPN), Premye minis la te mande presto-presto, «youn rapò ki bay tout detay sou kijan ou te pran desizyon an». Li mande sou ki referans legal ak dokiman administratif minis la te baze pou l te lage mesye yo epi voye yo al lakay yo kote yo p ap sibi kras pinisyon.

Jouk nou pral sou près ma di swa, nou pa t tande ke minis Jistis Ali reponn ni CSPJ ni CSPN. Kivedi li pa rekonnèt otorite yo. M pa kwè se pou kont li Msye Ali pran desizyon pou l pa okipe prezidan Kou de kasasyon an avèk Premye minis la. Li dwe gen pi gwo bwa ki kore bannann ni.

Antretan, jan m wè sitiya syon an, prezidan Chanm depite a di li gen «gwo dezakò ak politik piblik prezidan an». Kanta pou Premye minis la, prezidan an monte Komisyon l ki pral regle avè l pi devan lè youn nouvo « gouvènman ki gen tout moun ladan » monte. Epi prezidan Kou de kasasyon ak CSPJ a mande regleman nan «aksyon ilegal e abitrè» ke minis Lajistis te pran nan lage «  mèsenè tèroris yo », asireman avèk otorizasyon prezidan Repiblik la. Epi Lapolis ap mache S S.

San nou pa t atann, diktati a gen tan fin monte sou nou la a. Sèl kòk ki chant se Jovnèl Moyiz. Youn sèl Nèg Ban nann ak akolit li yo k ap byen mennen kont tout lòt otorite nan peyi Dayiti. Mezanmi, sitiyasyon an malouk e l ap vin pi mal de jou an jou. Sa k pou fèt la pa ka ret tann lontan. San sa, toutalè nou p ap menm ka estènen san pèmisyon. Gren Pwonmennen, 6 mas 2019.


Cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur, édition du 6 mars 2019 et se trouve en P. 6 à : http://haiti-observateur.ca/uploads/2019/03/H-O-6-mars-2019.pdf