Kréyòl pa Grenn Pwonmennen
- Kilès ki anchaj nan peyi Dayiti ?
Selon sa n konnen, gen youn prezidan ak youn Premyeminis ki ta dwe anchaj peyi Dayiti. Men selon nouvèl n ap resevwa soti nan plizyè zòn nan peyi a, koumanse nan Pòtoprens, sanble se gang ame ak gwo zam fann fwa ki chèf.Jan sa prale a,sitiyasyon an kapab depase gouvènman ki tabli nan Pòtoprens la. Ann koumanse sou sa k ap pase nan zòn Matisan, Bòlòs, Gran Ravin, Site Letènèl, elatriye. San yo pa fè okenn deklarasyon ofisyèl, gang yo kontwole zòn sa yo. Nou gen bon jan egzanp de sa, sitou ke jiskaprezan gouvènman an pa ka bay youn rapò sou kijan jounalis-fotograf Vladjimi Legayè (Vladjimir Legagneur) disparèt depi le 14 mas nan zòn Gran Ravin nan. Se vre ke Lapolis di yo arete kèk endividi, ke yo jwenn telefòn jounalis la nan men youn Nèg nan zòn Gran Ravin nan ki t ap sikile alèz nan Pòtoprens. Men jiska prezan, okenn rapò ofisyèl de kisa k te pase menm.
Okontrè, m tande ke Lapolis ap mande konkou FBI (Fedïeral Bureau of Investigation) jouk Ozeta-Zini pou analize zosman yo jwenn nan zòn Gran Ravin pou konnen sise zosman jounalis la. Lòt bagay n aprann tou se pa zosman youn sèl mounn yo jwenn. Ēske nou tande de koze ? Kifè zòn nan vin tounen youn simityè san okenn kontwò ! Kadav lage atè pou chen manje ! Ēske yo pa konn ke bagay konsa ka vin lage enfeksyon nan zòn nan ki ka gaye lòt kote tou ? Sanble sa pa regade yo, paske yo gen bonsekirite k ap siveye yo kote yo chita nan Palè, nan Primati, nan ministè, nan katye jeneral Lapolis. Men enfeksyon konn vwayaje byen lwen. Pi ta sa ka pi tris.
Ann fè youn kout pye lòt kote, tankou nan zòn Tyòt (Thiote), seksyon nan Sidès, bò Jakmèl. Le 27 avril, gang nan zòn nan te kwape 14 polisye ak 2 apantè ki te vin ak youn sèten Mesye Jak Blèk (Jacques Bleck) pou vin reklame tè fanmi l nan zòn nan. Gang yo memn arive boule 2 machin polis epi yo pran anpil zam polisye yo te kouri kite dèyè. Bondye fè okenn polisye pa mouri. Se kèk sitwayen bon kè ki te bay polisye yo pwoteksyon jouk yo te ka tounen lakay yo anvi.
Apre chwal fin sove yo kouri di fèmen baryè. Nou tande otorite nan Pòtoprens di yo arete youn anplwaye nan ministè Enteryè ki te pran lajan sou kote nan men Jak Blèk pou l te ka gen pwoteksyon polisye ki t al avè l nanTyòt pou fè reklamasyon tè yo. Si se konsa reklamasyon ap fèt an gwo ponyèt, san Lajistis pa nan ke syon an, toutalè peyi a pral tounen flanm dife ke yo p ap ka etenn. Sitou lè n konnen ponpye pa prèske egziste, menm nan Pòtoprens ki kapital peyi a. Pa di m ap bay manti. Nou gen bon egzanp devan nou ak sa k te pase nan gwo mache fè a nan mitan lavil la pandanmounn t ap banbile nan Kanaval nasyonal la, nan mwa fevriye a.
Lè n kite depatman Sidès la, nou pase nan zòn Nò a, nan kapital la menm, Okap Ayisyen. Sa byen fre, paske se tou lòt jou, nan dat 28 avril ke bandi te atake « CaféTrio » kote senatè Youri Latòti (Latortue) ak kòlèg li Jak Sovè Jan (Jacques SauveurJean) t ap fè youn chita ak sitwayen ak sitwayèn yo ki te enterese konnen sa k pase lajan PetwoKarib la, 3milya 800milyon dola vèt ki disparèt sou gouvènman defin prezidan Rene Preval (René Préval) ak prezidan Michèl Mateli (Michel Martelly). M tande yo di gouvènman tranzisyon Joslèm Privè a (Jocelerme Privert) te menm pichkannen nan lajan an tou. Antouka, gen 2 rapò Sena a sou vòl sa a ki pa kanmarad okenn vòl nan istwa peyi Dayiti.
Kisa k te pase gwo midi, pandan te gen polisye la pou bay pwoteksyon pou reyinyon an te fèt san bri san kont ? Enben, bandi tèworisfèmmen pòt klib la epi yo atake ak grenad lakrimojèn. Youn sitwayen ke tout moun konnen,Jak Dibwa (Jacques Dubois), mouri toufe. Plizyè lòtmounn blese nan chape poul yo. E yo kouri debake ak youn douzèn konsa nan Lopital Jistinyen pou ba yo swen presto-presto dekwa pou yo pa t trepase.
Prezidan an ak Premye minis la kouri voye kondoleyans bay fanmi Dibwa epi deklare senpati yo poumounn ki te sibi anba atak sa a. Prezidan an temenmmande pou gen bon jan envestigasyon fèt pou konnen sa k pase a e pou koupab yo jwenn pinisyon yo merite. Apre twa (3) senmenn, men Lapolis di polisye yo te byen aji, ke te gen plis pasemil (1000) mounn anndan «Café Trio» a, youn kote ki pou ta pran sèlman san (100) mounn. Kivedi se mil mounn nan ki fè grenad lapete a ? Kijan k fè Lapoliste kite tout mounn sa yo rantre ? Nou pa wè kijan yo te byen aji a.
Antouka, kilès ki te responsab zak tèworissa a ? Selon enfòmasyon teledyòl,Lapoliste sanse arete chofè delege depatman Nò a. Kivedi, se delege a ki te voye mounn pa l pou atake reyinyon senatèz yo t ap fè a. Men pa gen okenn rapò ofisyèl pou di bagay yo jan sa dwa, eksepte rapò Lapolisla ki di polisye yo te byen aji. Ok, yo te byen aji, men kilès ki responsab ? Ēske se vre chofè delege a anba kòd ? Ēske yo kesyonnen delege a ?
Sèl sa nou konnen sè ke jounalis Elia Jozye (Elia Josué), ki te fè youn emisyon sou Radyo Planèt, kote l te bay enfòmasyon sou kijan atak la te fèt, nan kache. Li fè konnen ke delege Nò amennase lavi l. Bagay ki pi enteresan sè ke Konatèl (CONATEL), branch Leta ki anchaj bay lisans pou tout estasyon radyio ak television, fèmen radyio Planèt la. Men sa pa gen anyen pou wè ak enfòmasyon jounalis la ki te pase sou radyo a, men ke radyo a t ap opere anba chal, san lisans. Depi konbyen tan konsa ? O !
Depi 2 zan ! Konsa menm pou Konatèl konprann li ka pran nou pou Bouki. Pa posib, paske Bouki fè gwo etid, Bouki gen Ph.D, Bouki pa egzigste ankò. Donk, Nèg Konatèl la pa ka pran pòz Malis li ak pèsonn.An palan de baboukèt, yo soti pou mare bouch bouch jounalis, ministè Lajistis di jounalis pa fèt pou bay bandi mikwo. San dout se yo ki pral deside kilès ki bandi ak kilès ki bon sitwayen. Antouka, sèl sa nou ka disou rapò jounalisJozye a, lafimen pa leve san dife !
Jan bagay yo ap fèt nan peyi Dayiti, sanble ke gen bandi ofisyèl tou. Paske sise pa bandi ofisyèl ki te fè atak gwo midi nan Okap la, nou pa wè pou kisa otorite yo pa ka bay youn rapò sou kesyon an. Epi, anpalan de sa, grenad, osnon bonm lakrimojèn, se pa bagay nenpòt mounn ka achte nan boutik menm jan nou ka achte biskuit ak manba. Se Lapolis, avèk otorizasyon ministè Enteryè ak Kolektivite teritoryal yo e menm ministè Lajistis, ki ka gen zam chimik konsa a dispozisyon yo. Yo pa bezwen okenn FBI pou ede yo jwenn kote zam chimik sa yo te soti. Amwens ke yo te voye chache sa nan peyi Siri, kote prezidan Bacha al Asad (Bashar al-Assad) gen izin pou fabrike zam chimik (pwazon gaz) ke l te itilize kont popilasyon sivil. Kidonk, Nèg lakay an kontak ak tèworis entè- nasyonal ! Pi ta pi tris!
Gen youn lòt kesyon m ap mande. Kote gang yo jwenn tout zam ak minisyon y ap itilize pou konmèt tout gwo zak sa yo nan peyi a ? Ēske se nan zam ke ansyen Premye minis Loran Lamòt (Laurent Lamothe) te kòmande nan peyiIzraèl lè l te an fonksyon ? Pawòlsa a te pale nan Obsèvatè lè zam sa yo te rantre ann Ayiti. Men otorite yo pa t janm bay okenn esplikasyon sou kisa k te rive ak zam sa yo. Asireman Lapolis konnen tout zam ki gen deyò a, sètadi zam ki otorize. E bann lòt zam yo — bonm osnon grenad lakrimojèn tou — k ap sikile san otorizasyon, kibò yo soti ? Si Polis nasyonal la (PNH) pa ka fè travay kontwòl zam ilegalsa yo ki nan peyi a, yo ta dwe pran konsèy Mesye Vensan Dejè a (Vincent Degert) te bay lè l te fè diskou 9 me a nan fèt peyi Lewòp yo nan otèl Montana a. Anbasadè peyi Ewòp yo ann Ayiti te di fòk gouvèman ayisyen an te pwofite de prezans Misyon Nasyon Zini pou apiye Lajistis ann Ayiti a, sa yo rele MINUJUSTH — pa MINIJUP — pou ede l mete e ranfòse baz sistèm Lajistis la pou l ka travay jan sa dwa, san anyen kwochi pa mele epi avèk tout endepandans.
Jan nou tande l la, sistèm Lajistis, ki responsab Lapolis, pa fèt pou sou kontwòl lòt mounn k ap rale fisèl yo pa dèyè pou fè sa yo vle. Anbasadè Dejè bay bon konsèy, men konesan otorite lakay, ki nan ti koulout, yo ka di msye ap foure bouch nan sa k pa regade l. Apa sa administrasyon Moyiz-Lafontan an (Moïse-Lafontant) te di lè Souzann Pej (Susan Page), reprezantan sekretè jeneral Nasyon Zini an, te bay konsèy sou sa k dwe fèt pou konbat kòripsyon ? M ap tann pou m wè kilè y ap mande Vensan Dejè pou l rache manyòk li, bay tè a blanch !
An palan de sa, asireman nou konnen ke Souzann Pej pran pwomosyon. Fò m bay sa ann angle, pou n tande gwo titsekretè jeneral la bay fanmdiplomatsa a. Nan dat 4 me, men sa k te parèt nan sit Entènèt Nasyon Zini an : « United Nations Secretary-General Antonio Guteres has appointed Susan D. Page of the United States of America as his Special Adviser on Rule of Law, Global Focal Point Review Implementation ». Nou tande koze a. Kounnye a se sou Souzann Pej sekretè jeneral Nasyon Zini an konte pou ba l bon konsèy kijan pou yo aplike sa k rele « Règ Lalwa », epi se pa sèlman pou youn ti peyi kòm Ayiti sèlman, men se youn kesyon «global », sa vle di toupatou nan lemonn kote Nasyon Zini gen operasyon li. Anplis, se Madan Pej tou ki pou di kijan y ap met tout bagay an pratik. Kivedi, se pa sèlman pale anpil met la, di men sa k pral fèt. Se pou bagay yo fèt jan sa dwa
Ou kwè zòt konprann sa k pase la a ? Souzann Pej te fè travay li tèlman byen ann Ayiti, sekretè jeneral la mete l anchaj tout lòt kote, tankou Ayiti — e Ayiti ladan l tou — ki merite pou Nasyon Zini vin wè kijan bagay yo ap fèt. E si yo pa fèt jan sa dwa, kisa y ap oblije fè nan youn sitiyasyon konsa. Se konsa bagay la ye, tande ! Gwo viktwa m tande ke prezidan Jovnèl Moyiz ranpòte lè l te di li pa ka boule ak reprezantan sekretè jeneral la, ki foure bouch nan politik Ayiti, enben se boustè li te bay Souzann Pej. Kivedi se ret tann sa yo rele kou an retou a. Paske jan pawòl la di, premye so pa so !
Grenn Pwonmennen
16 me 2018
atik sa non edisyon jounal Haïti-Observateur numéwo 16 mwa me, wou ka jwen li là a : http://haiti-observateur.org/wp-content/uploads/2018/05/H-O-16-Mai-2018.pdf