Atansyon, dènye è ! (kreyôl)

Atansyon, dènye è ! GRENN PWONMENNEN

Madi 10 avril la, vè 11 zè di maten, Mezon Blanch te anonse ke prezidan Twonp ranvwaje vwayaj vandredi li a nan peyi Pewou, kote li te pral patisipe nan gwo brase lide avèk lòt prezidan nan zòn Amerik la. Selon kominike a, prezidan an okipe fo pa plis avèk sitiyasyon Lasiri a kote gouvènman Bacha al-Asad la (Bashar al-Assad) fè youn atak avèk pwodui chimik (pwazon) kont ti bouk ki anba kontwòl rebèl yo. Anpil mounn, menm ti mounn, mouri toufe. Men gen mounn ki kwè ke prezidan ameriken an pran Lasiri kòm pretèks pou l pa rankontre ak Raoul Kastro (Castro), prezidan Kiba a, ki pral nan gwo konferans ki rele Sommet des Amériques k ap fèt vandredi ak samdi (13 ak l4 avril) nan Lima, kapital peyi Pewou a. Gen lòt mounn ki menm di ke Nikola Madouwo (Nicolas Maduro), prezidan Venezwela a, ke Twonp pa vle wè, ka menm debake lòt bò a menm lè yo pa envite l. Antouka, yo pa apresye prezidan Twonp ditou nan peyi Lamerik Latin yo akòz jan msye derespekte Meksik, Salvadò e menm Ayiti. Anplis de sa, otorite Lamerik Latin yo kritike prezidan ameriken an pou politik li kont imigran ki sot nan zòn Lamerik la.

Nou tout nan gwo mach 20 avril la Se te 20 avril 1990, sa gen 28 an ke Ayisyen avèk zanmi Ameriken yo e lòt etranje te fè Bwouklin Bridj la tranble. Jou 20 avril sa am plis pase swasannkenz mil (75 000) mounn te sot Kadmann Plaza (Cadman Plaza), nan Bwouklin, pou travèse Pon Bwouklin nan pou yo t al devan nimewo 26 Federal Plaza nan Mannhatann, pou te bay FDA (Federal Drug Administration) youn leson ke yo te merite.

An palan de sa, Ayisyen te chanje non FDA a ke yo te rele Federal Diskriminasyon Administrasyon. De ki prevyen ?

Anpil jèn Ayisyen ki gen mwens ke trant an (30 ans) ka tande pale de bagay la, men yo pa vrèman konnen kijan yo te trete Ayisyen lè yo te fèk dekouvri youn vye maladi Ozeta Zini. Se nan epòk sa a maladi SIDA a (AIDS) t ap fè ravaj nan peyi a, epi FDA te lonje dwèt sou 4 gwoup ke yo te bay non « Klib 4 H ». FDA te di se yo ki te lakòz maladi a. M ap oblije bay non yo ann angle paske se konsa n a konprann pouki sa yo te rele gwoup sa yo « Klib 4 H » la. Se te « Homosexuals, Hemophiliacs, Heroin Addicts and Haitians ». Ou kwè nou tande jan yo te mete Ayisyen nan menm gwoup ak omoseksyèl, emofiliak, sètadi mounn ki gen maladi nan san, avèk eroyin adik, mounn k ap pran dwòg eroyin ak zegwi nan venn yo.

Kòm se tout Ayisyen FDA te anpeche yo bay san jan yo te konn bay tankou tout lòt mounn, Ayisyen te santi yo ensilte fo pa plis. Lè sa a pa t gen ni Milat ni Nwa, pwotestan, katolik osnon vodouwizan, fanm kou gason, tout te fè youn sèl. Tout te met tèt yo ansanm, yo pa t sèlman fè Bwouklin Bridj tranble, men tout lavil Nouyòk la. Nouvèl la te gaye nan laprès atravè tout peyi Eta Zini an e menm aletranje kote pawòl la t ap pale : Ayisyen di yo p ap pran sa nan men FDA. Se derespektan pou mete Ayisyen kòm sèl gwoup etnik ki chaje ak SIDA. Ēske nou konprann sa sa vle di ? Kote tout Ayisyen te pase yo t ap lonje dwèt sou yo : Men mounn SIDA yo. Se yo tout ki malad. Elèv ayisyen te oblije di yo se Jamayiken, Matinikè, Gwadloupeyen, Brezilyen oubyen tout lòt sitwayen nan Karayib la, sòf Ayisyen. Kanmenm, se pa t fasil pou yo te gen mennaj etranje.

Apre gwo manifestasyon 20 avril 1990 la, FDA te fè bak. Yo t oblije wete non Ayisyen nan pami « Klib 4 H » yo a. Fòk mwen di nou tou ke pandan Ayisyen t ap manifeste nan Nouyòk, te gen youn ekip doktè ayisyen, sitou mesye AMHE yo, (Association médicale haïtienne ā l’étranger), ki te nan gwo negosyasyon ak FDA nan Wachintonn (Washington) pou montre swadizan syantis òganizasyon an ke yo pa t kanpe sou okenn baz syantifik pou yo te klase Ayisyen, youn gwoup etnik, ansanm ak gwoup mounn ki ka soti nan tout nasyon.

Syantis ayisyen youn bò, Lame ayisyen san zam youn lòt bò, lapèrèz te anvayi Blan rasis yo. Yo te pè pou Aysisyen pa lage nan kraze brize. Se vre ke premye gwo manifestasyon an te fèt avèk lòd e respè. Se slogan yo t ap voye monte a wot vwa kont Federal Diskriminasyon Administrasyon  ! « Aba  tout rasis »,

« Aba tout diskriminasyon ! » Men gen otorite bò isit ki swa yo te wè osnon te tande sa Ayisyen ann Ayiti te renmèt an 1986, sèlman kat ane  avan, lè yo te leve kanpe pou met Jan-Klod Divalye (Jean-Claude Duvalier) atè. Se pa t jwèt timounn lè Ayisyen te montre yo ka mobilize plis pase 75 mil mounn pou anvayi anba lavil Nouyòk la, zòn lajan an. Si m te yo, mwen t ap fè menm jan an tou. Kouri ba yo legen anvan yo met dife nan Wall Street, anvan y al dechouke gwo bilding e montre kèk Blan rasis sa yo peze. Natirèlman, si bagay yo te gate tout bon vre t ap gen batay ak lapolis, menm ak twoup Lame. Men se t ap youn rivyè san ki ta koule pou anyen, paske desizyon FDA a pa t kanpe sou okenn baz syantifik. Epi Eta Zini pa t pare non plis pou akizasyon lemonn antye si, pa malè, bagay yo te tounen myèl.

Oke ! Youn lòt 20 avril pral fèt nan sèlman 2 senmenn. Fòk Ayisyen tout koulè, tout relijyon, fanm kou gason, sitou jèn yo, pare pou pran lari. Fwa sa a, menm jan ak 1990, gen otorite bò isit ki ensilte Ayisyen. Fwa sa a se pi gwo chèf nan Eta Zini an, prezidan peyi a menm, ki te deklare « tout Ayisyen gen SIDA – AIDS ». Se prezidan an menm ki di Ayiti se youn peyi twou k.k., peyi latrin ! Eskize m dèske mwen lage pawòl la konsa sou nou. Men si prezidan gwo peyi sa a pa wont pou l kite nenpòt pawòl sal sot nan bouch li, m oblije bay bagay la jan l te bay li a. Wi mezanmi, n oblije fè bak tounen jouk nan lane 1990 pou nou jwenn fòs, enspirasyon, pou n aji menm jan Ayisyen te aji lè yo te ensilte nou. Se menm san Ayisyen an k ap koule nan venn nou ! Nou pa ka kite nenpòt sa l ye a konprann li ka trennen nou nan labou nenpòt ki fason. Ayisyen toupatou, leve  kanpe pou nou bay zòt youn leson, menm jan nou te fè l la gen 28 an de sa.

Epi se pa sèlman pou jan prezidan an derespekte nou an nou pral manifeste. Nou pral fè Bwouklin Bridj tranble ankò pou mounn TPS yo (Temporary Protected Status) ak jèn mounn DACA yo. Kòm nou konnen, prezidan ameriken an bay Ayisyen TPS yo jouk mwa jiye 2019 anvan l mande pou yo degèpi tounen Ayiti, youn peyi kote sitiyasyon an malouk fo pa plis. Gen anpil timounn ki fèt isit nan mounn ki gen TPS yo. Kisa ki pral rive ak fanmi sa yo ? Ēske prezidan an pa gen kè ki fè l ap pare pou separe manman, papa ak pitit yo ? Ēske l pa konnen kijan sitiyasyon Ayiti tèlman mal ke youn bann jèn ap kite peyi a pou y al Chili, Brezil e menm travèse an Repiblik dominikèn al dèyè lavi miyò ?

Menm bagay la tou pou jèn mounn DACA yo ki te vin Ozeta Zini ak paran yo pandan yo te timounn tou piti. Yo elve isit, gen ladan yo ki diplome nan lise e men nan kolèj ak inivèsite. Gen k ap travay nan kèk branch ki enpòtan anpil pou peyi a. Sèl peyi yo konnen se Eta Zini. Epi pou prezidan an di fòk yo tounen nan peyi kote papa yo ak manman yo te soti, peyi ke yo pa janm konnen. Pafwa yo pa menm pale lang nan ankò, osnon si yo pale l se ak gwo aksan angle. Ēske kè prezidan sa a se youn kè fè ? Enben nou pral fè Bwouklin Bridj tranble nan dat 20 avril k ap vini an pou nou bay mesye a youn leson, menm jan lòtAyisyen yo te fè sa nan lane 1990.

Kounnye a pa gen 2 MACH k ap fèt, jan nou te tande a. Se youn sèl MACH. Te gen 2 gwoup ki t ap travay sou MACH pou menm jou a, men mèkredi swa senmenn pase a, 28 mas la, reprezantan 2 gwoup yo te reyini nan biwo «Assemblymember » Rodniz Bichòt (Rodneyse Bichotte), nan Bwouklin, e yo antann yo pou gen youn sèl MACH. Tout mounn pral reyini nan Grand Army Plaza. Nou ka pran tren nimewo 2 ak 3, desann nan stasyon Grand Army Plaza. Si nou nan Bwouklin, se bis nimewo 41 an ki pase Grand Army Plaza. Depi vè 9 è di maten elèv ayisyen epi nan travay nou. Se Mobilizasyon genneral. Pale ak bòs nou, di yo n ap pran jou a off. Elèv ka pran jou a off tou.

Nou pral ekri youn lòt paj nan istwa pèp ayisyen an. Fòk nou tout pote kole, fè tèt ansanm, pou nou fè yo respekte Ayisyen, kit se prezidan osnon sitwayen òdinè jou vandredi a, n ap koumanse reyini pou nou deplase a 10 zè. Nou pral mache desann sou Flatbush Avenue, rive sou Tillary, kote n ap vire agòch pou n al pran wout Bwouklin Bridj la pou n antre Mannhatann. Anvan 20 avril la nou pral resevwa plis enfòmasyon. Men nou menm ki gen tout enfòmasyon sa yo se pou n lage pawòl la deyò a, nan legliz, nan lekòl kote ki gen anpil.

Nou pa pitimi san gadò, jan pawòl la di. Youn pèp ki te batay kont Blan angle ak panyòl epi ki te bat Lame franse Napoleyon Bonapat la (Napoléon Bonaparte) pou nou te deklare Premye Repiblik nwa sou latè, nou kapab fè listwa ankò. YES, WE CAN ! WI, NOU KAPAB ! Se nan INITE nou te rive fè tou sa. Nou pa ka  bliye  l’UNIoN  FAIT  LA FORCE.

Grenn Pwonmennen


l’original de cet article se trouve en P. 6 de l’édition du 11 mars 2018 et le lien PDFest : http://haiti-observateur.ca/wp-content/uploads/2018/04/H-O-11-April-2018.pdf