Apre Arestasyon Badyo a kisa ki pral vini?  

GRENN PWONMENNEN!

  • Apre Arestasyon Badyo a kisa ki pral vini? 

Jedi pase, nan dat 19 oktòb, arestasyon Jozèf Feliks Badyo (Joseph Félix Badio) lakòz vant anpil mounn ap bouyi, paske msye konsidere kòm pi gwo pilye nan ansasinay Prezidan Jovnèl Moyiz la (Jovenel Moïse). Men anyen pa t janm rive l depi plis pase 2 lane apre gwo zak sa a, menm lè yo te di Lapolis t ap chache l toupatou. Sè ke msye souche gwo kote, li te gen gwo bwa dèyè bannann ni, jan yo di pawòl la. Alò, n ap mande kisa ki chanje ki fè Lapoliès resi arete msye?

Lè nouvèl la te fèk tonbe, yo te di se pandan msye te nan youn soupèmakèt nan Petyonvil, polisye te arete l san bri, san kont. Yo di se Konmisè Polis Èns Dòfèy (Ernst Dorfeuille) ki te arete msye, san douta k lòt polisye ki te avè l. Tout bagay fèt, san bri san kont. Gen mounn ki te kwè se youn pwason davril yo t ap ban nou nan mitan mwa oktòb la, men Gari Derozye (Garry Desrosiers), ki se pòtpawòl Polis Nasyonal la (PNH), te klarifye sa byen vit, lè li te anonse nouvèl la, epi nou wè foto Badyo ak mennòt nan ponyèt li vre. Pa gen manti nan sa.

La tou, gen youn bann pawòl k ap sikile ki fè anpil mounn ap reflechi sou kisa ki pral pase apre sa. Pa egzanp, yo di arestasyon an fèt pandan Premye Minis defakto a, Doktè Aryèl Anri (Ariel Henry), pa nan peyi a. Se vre, msye te Otawa, nan kapital Kanada, kote li te fè pati delegasyon chèf CARICOM yo, kivedi gwoup peyi nan Karayib la ke Ayiti ladan l nan tou. Yo te nan youn gwo wounble diran 2 jou ak Premye Minis kanadyen an, Justin Trudeau. De la, nan vandredi, 20 oktòb, Premye Minis la te deplase l al toudwat nan peyi Meksik pou l te asiste youn lòt konferans, sou envitasyon prezidan Meksik la.

Malerèzman pou Badyo, pwotektè l pa t nan peyi a lè yo pran l nan

Poukisa Lapolis tann se pandan Premye Minis la deyò pou yo arete Badyo, ki sanse gen pwoteksyon chèf siprèm nan, Aryèl Anri li menm? Asireman, se san konsantman msye yo arete Badyo. Nou poze kesyon an, paske se pa youn sekrè pou pèsonn ke Badyo se mounn Premye Minis la. Gade kijan jounal New York Times vi n tounen ak koze a, pou di ke jou ansasinay prezidan an, Badyo te nan konvèsasyon ak Doktè Anri, anvan e apre ansasen yo te konmèt zak yo a, la anndan chanm akouche prezidan an, san yo pa t jwenn okenn rezistans, malgre te gen plis pase 40 polisye ki te sanse ap bay rezidans prezidan an pwoteksyon. Pa youn sèl pa t menm grafouyen.

Okontrè, selon enfòmasyon ki te deja soti, depi davans, Badyo te sanse distribye 80 mil dola (80 000.00 $) bay polisye yo pou yo pa t fè anyen kont ansasen yo. Apa de lajan Badyo te distribye a, te gen lòt aranjman  tou. Selon enfòmasyon ki te bay depi menm jou ansasinay la, Leyon Chal (Léon Charles), ki te chèf PNH la, pa t reponn telefòn prezidan an ki te rele l jou swa 6 jiyè 2021 an, pou di l li anba gwo danje, vin pote l sekou. Men, apre tout deblozay sa yo, vwala ke se menm Leyon Chal sa a ke Premye Minis la te voye pou reprezante l nan ansyen pòs anbasadè l la, nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), nan Wachintonn nan, kote msye ye jouk kounnye a.

Diran 2 lane ki sot pase yo depi ansasinay prezidan an, se pa ni younn ni 2 fwa ke Badyo an konvèsasyon an Premye Minis la, ki toujou jwen youn fason pou ba l pwoteksyon. Li te jwenn fason chape poul li plis pase youn fwa, akòz sa Premye Minis la te fè pou li antan ke zanmi.  Alò, mwen konprann poukisa New York Times te ekri gen aranjman k ap fèt pou Ameriken vin pran Badyo byen vit, anvan yo voye msye al nan peyi san chapo.

Gen plizyè gwo tèt ki pa alèz ditou avèk youn Badyo ki ka devwale anpil sekrè sou kijan ansasinay prezidan an te fèt, ki mounn ki te nan konplo a, kilès ki te bay lajan pou sa fèt. Nou kwè tou ke menm Ameriken gen ti pawòl pa yo pou pale ak Badyo pou ranje bouch li, paske yo menm tou te ka gen mounn pa yo ki te patisipe nan ansasinay la. Nou wè poukisa mwen di vant anpil mounn ap bouyi, nèspa?

Premyèman, amwens ke y ap kontinye ak politik ipokrit yo a, frape mounn bò isit, men pa touche mounn bò lòtbò, Aryèl Anri ta fèt pou arete tou. Selon sa n konnen, se msye, antan ke Premye Minis, ki te bay Feliks Badyo tout pwoteksyon li te genyen an. Epi jan nou wè l la, se pandan msye pa t ann Ayiti, Lapolis met men sou Badyo. Kilès ki dèyè arestasyon an menm?

Gwo bwa nan Kominote Entènasyonal la nan youn jwèt ipokrizi

Y ap fè pawòl sou entènèt la, kòmsi se Michèl Jozèf Mateli (Michel Joseph Martelly), ki rele tèt li « Bandi Legal », ki ta pase konmisè Polis Èns Dòfèy (Ernst Dorfeuille) lòd pou arete Badyo, espesyalman pou l bay Aryèl Anri plis traka, paske l di se Premye Minis la ki bay youn bann manti sou li ki fè Nasyon Zini lage 2 gidon dèyè l, mete gwo akizasyon sou li sou kesyon gang ann Ayiti ke l te òganize. Kidonk, avèk arestasyon Badyo a, se pa li menm ase k ap nan pwoblèm, bra anpil lòt mounn ap pran nan moulen tou. Gade kijan Lapolis deja arete 3 avoka ki t ap konseye Badyo. Epi yo debake lakay msye, nan zòn Fèmat avè l pou al fouye kay msye a. Jan nou wè l la, se regleman k ap fèt avèk vagabon ofisyèl!

Sa fè m reflechi sou gwo otorite nan Kominote Entènasyonal la, ki kore Aryèl Anri byen djanm depi yo te mande CORE Gwoup la, sa m rele sendika diplomat yo a nan Pòtoprens lan, pou nonmen l nan plas Premye Minis la epi prezidan alafwa, menm lè yo te konnen ki wòl msye te jwe nan ansasinay Jovnèl Moyiz la.

La tou, m ap fè n sonje ke se apre prezidan defakto a te louvri bra l bay peyi Larisi ke Ameriken yo te twouve msye se youn endividi danjere, fòk yo debarase yo de li. Nou deja eksplike sa plizyè fwa lè n te bay detay kijan anbasadè Larisi nan peyi Venezwela te vin Pòtoprens nan dat 2 jen 2021, pou prezante lèt kreyans li bay Jovnèl Moyiz nan Palè Nasyonal, sètadi li te vin anbasadè peyi Larisi ann Ayiti tou.

Epi 2 semèn pita, men Prezidan Moyiz, ansanm ak madanm ni Martine, alatèt youn delegasyon, ki te gen plis pase 20 mounn ladan l, Loran Lamòt (Laurent Lamothe) pami yo, ki te debake nan peyi Tiki (Turquie), pou patisipe nan youn gwo wounble. Se la li te nan fwote zèpòl ap plizyè gwo diplomt Larisi. Epi men msye k ap retounen Pòtoprens ozanj, nan dat 19 jen 2021, paske li te jwenn tou sa l te bezwen, a 25 pou san (25%), gras a diplomat Larisi yo, ki te entèvni pou li ak ofisyèl peyi Tiki yo. Larisi t ap peye 50 pou san (50%) bòdwo a. Epi ofisyèl peyi Tiki yo fè youn gwo jès, te retire youn lòt 25% pou li.

Soti nan plan kidnaping, rantre nan plan ansasinay

Enben menm jou 19 jen an yo te fèt pou kidnape Prezidan Moyiz osito li te debake nan ayewopò Tousen Louvèti, nan Pòtoprens, pou y al avè l nan youn lòt peyi yo pa t janm di kilès ladan yo. Men sa te pase mal, paske pou youn rezon nou pa janm konnen, avyon ki te pou vin pran l nan p at debake alè. Se konsa prezidan an te chape anba plan kidnaping nan. Men nan dat 7 jiyè, mwens ke 3 semèn pita, plan kidnaping nan te vin tounen plan ansasinay. Nou konn rès la. Antouka, mwen pa egare, epi m pa pè ekri, ni pale pou m di bagay yo jan m konprann yo! Si m ap bay manti, m ap tann pou yo vin demanti m.

Vwala pouki sa mwen di m pa konnen kisa ki pral vini apre arestasyon Badyo a. Èske mesyedam Kominote Entènasyonal la fin fè tou sa yo te bezwen fè avèk Aryèl Anri ke yo te kore byen djam nan? Èske msye plis reprezante youn pwa lou kounnye a pou pwochèn etap ki pral antreprann nan, menm ak fòs peyi etranje, sou direksyon peyi Kenya, ann Ayiti? Si sa resi fèt vre!

Antouka, sa pa bèl ditou, an kòmansan pou Premye Minis la, ki gen gwo danje pandye sou tèt li nan kesyon arestasyon Jozèf Feliks Badyo sa a. Lè vant fin bouyi mezi kont li, se pral operasyon vant mennen. Sa pral fè yo tèlman fennen, y ap tou al bwa chat san z atann. Mwen voye dlo m pa mouye pèsonn. Men chak mounn, an tan ke mèt pawòl, ka ranmase sa k pou yo nan tout koze sa a. M ale wi!

TiRenm/Grenn Pwonmennen, nan raljo31@yahoo.com

cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur, VOL. LIII, No.38 Édition spéciale Canada du 25 octobre 2023, et se trouve en P.7 à  : special h-o 25 oct 2023

Haïti-Observateur / ISSN: 1043-3783