Ki diferans ki geyen ant ti vòlè ak gwo vòlè ? pa grenn pwomenen

Kreyòl

  • GRENN PWONMENNEN
  • Ki diferans ki geyen ant ti vòlè ak gwo vòlè ?

Semèn pase a gen youn nouvèl ki te atire atansyon m anpil. San dout, si nouzòt k ap li m kounnye a te wè l tou, san dout nou te bat bravo pou otorite k ap fè travay yo, k ap arete vòlè ki lakòz peyi an nan sitiyasyon li ye a, Paske se akòz bann aloufa sa yo k ap pran sa ki pou t al soulaje malere ki fè lamizè blayi nan peyi a konsa.

Gen youn nouvèl ki parèt jedi, 13 fevriye a, ki, selon mwenmenm, pa fè tout bri li ta dwe fè. Se Juno7.ht ki te vin avèk enfòmasyon an, epi  JJJ Communications, toujou sou entènèt la, te lage koze a. Gwo tit Juno a di : «Ā Mirebalais, la police saisit une cargaison de riz détourné par un supposé employé du MICT». Jan nou tande l la, se youn swa-dizan anplwaye ministè Enteryè ak Kolektivite tèritoryal yo ke Lapolis kenbe nan vòlò. Alapapòt n ap remèsye jounalis Pierre Lunick Revange ki fè bon jan repòtajsou kesyon an.

Selon sa jounalis la di, se kat (4) mounn yo kenbe, avèk youn fanm pami yo. Li pa bay non, men li di gen younn ladan yo ki gen youn « badge », kivedi youn plak, ki montre ke msye se «Chargé de mission» pou ministè Enteryè ak Kolektivite tèritoryal. Se pa youn bagay jounalisla envante, paske li di se komisè gouvènman nan Tribinal premyè enstans, kivedi premye tribinal nan Mibalè, ki ba l enfòmasyon a. Yo rele msye Elioné Sainfleur. Mounn ki vle tcheke gen kont enfòmasyon pou yo fè travay yo.

Vwala ke 4 mounn sa yo, ke Lapolis te arete yo, gen plis pase 229 sak diri nanmen yo. Se restan youn gwo kagezon ki te sot Pòtoprens men ki sanble disparèt. Jan nou konprann kesyon an, pèsonn nan otorite Mibalè yo pa vrèman konnen ki kantite diri a te ye oparavan. Yo te sèlman fouke mesyedam yo ak ti rès la, sèlman 229 sak. Asireman se sak 100 liv, menm si yo pa di sa. Kidonk, se diri pou ta soulaje anpil mounn nan zòn nan.

Antouka, Lapolis te fèmen mounn yo nan prizon pandan komisè gouvènman an te kontakte minisLajistis ak Sekirite piblik la, Jean Roudy Aly, nan Pòtoprens, pou esplike l sa k ap pase nan Mibalè. Epi, selon sa jounalis, se mounn FAES yo ki esplike minis la kesyon an latèt o pye. Antretan, nou pa konn ki dispozisyon Minis Aly pran. San dout, li pral oblije mennen ankèt pou l konnen de ki prevyen 229 sak diri sa yo vin ateri nan mache Mibalè. Konbyen sak an tou ki te genyen? San dout se diri ke FAES, (Fonds d’assistance économique et sociale) te anchaj pou distribye bay malere ki nan bezwen.

Fò m di nou ke FAES se youn òganizasyon Leta ki sanse travay nan tout peyi a pou ede chanje sitiyasyon malere, pou mounn yo sispann rete nan lamizè. Apa de katye jeneral FAES, ki nan Pòto- prens, FAES gen biwo etabli nan Fò Libète pou depatman Nòdès, nan Jan Rabèl, pou Nòdwès, nan Hench pou Sant osnon Plato San- tral, nanAken pou depatman Sid, Jakmèl pou Sidès epi Leogàn pou depatman Lwès. Jan gouvènman te konsevwa FAES se lagè menm ki te deklare kont lamizè. M ap kite nou reflechi sou sitiyasyon tout zòn sa yo. Ēske sitiyasyon yo pa pi mal kounnye a pase anvan FAES te deklare lagè kont lamizè ? Enben se klas bagay ki sot pase Mibalè a ki lakòz, paske anyen pa janm rive jwenn malere yo jan sa dwa. Gwo zotobre ranje ak sèten anplwaye Leta pou yo fè dap piyan sou sa k te fèt pou al jwenn malere yo. Sa se gwo mechanste, si n pa vle di krim.

Pi gwo nouvèl FAES nou janmtande se lanmò 2mounn enpòtan ki t ap travay nan FAES la ki mouri. Swa-dizan yo swiside tèt yo a youn moman ke pawòl PetwoKaribe a te kòmanse gaye nan peyi a epi aletranje tou. San dout, n ap sonje kijan yo te jwenn kadav Klaus Eberwein, ansyen direktè FAES sou gouvènman Michèl Mateli a, nan youn chanm lotèl nan Miami nan dat 11 jiyè 2017. Otorite ki responsab otopsi dimsyemouri ak youn bal nan tèt li te bay pwòp tèt li.

Se menm jan an tou, youn lane pita, yo pral jwenn kadav Caroline Estimé (Karolin Estime), ki te sekretè Klaus Eberwein, mouri menm jan an, nan youn chanm lotèl nan Miami. Anfen, bouch yo fèmen pou vitam etènam, se pa yo ki ka di anyen sou kantite lajan PetwoKaribe a ki te pase nan FAES, men ki pa t janm fè travay li te sipoze fè pou soulaje grangou pèp la. M ap mande si bann atoufè yo, ki responsab krim sa yo, ka dòmi kè poze ! Labib disa w fè se sa w pral peye. Mèt pawòl ranmase pawòl ou !

Kounnye a, ann retounen sou eskandal diri nan Mibalè a, jedi semèn pase a. Depi nouvèl la te fin bay, nou pa tande anyen ankò. Minis Lajistis la, Mesye Aly, rete bouch be depi eskandal la te vin ateri nan biwo l. Paske, jan jounalisla di, FAES te mete minis la “au parfum”. Kivedi, minis Lajistis la gen tout enfòmasyon FAES ba li sou kesyon diri a.

Se pa sèlman tirès 229 sak yo, men sou tout kantite diri ki te sot Pòtoprens pou al jwenn malere nan tout zòn Plato Santral la e lòt kote tou. M espere pa gen youn «kase fêy kouvri sa» lè gwo non kòmanse site. Nou ka remake jiska prezan non okenn mounn pa janm soti. E si mesye ak dam Lapoliste arete yo te eksplike pou di se pa pou tèt yo y ap travay, men yo gen lòt gwo bwa dèyè bannan yo ! Epi la tou, si yo pa gen tan viktim « ekip fèmen bouch la », yo ka gen tan fè gwo dega ! Alò minis la kapab byen okipe ap monte youn «Operasyon kase fèy kouvri sa».

Se konsa n ap vini ak youn bon jan egzanp kijan bagay yo fèt annAyiti. Si mesye-dam eskandal Mibalè yo a t ap operae pou kont yo, yo t ap pase tankou ti vòlè. Asireman si nou janm fè youn ti tan andeyò, nan sa yo rele laryè peyi a, nou ka konprann sa m pral di a. Lè otorite yo arete vòlè bannann, vòlè poul ak lòt bagay konsa, yo mare yo 2 bra dèyè do, yo bat yo, pandan yo soumilèt osnon chwal yo, epi yo pralfèmen ti vòlè yo nan kacho san yo pa menm bezwen wè jij. Epi byen souvan yo voye kle a jete, yo bliye malere yo nan kacho a. Se konsa otorite trete ti vòlè. Pa egzanp vòlè diri nan Mibalè yo te ka jwenn tretman ti vòlè,si yo t ap boule pou kont yo. Asireman, yo gen pi gwo bwa dèyè yo. Ann tann pou n wè sa Minis Jean Roudy Aly pral di epi kisa li pral fè nan kesyon sa a.

Alò, sa ban m anpil a reflechi jan bagay yo fèt an n Ayiti. Ti vòlè diri, bannann, poul, elatriye, se anba kòd yomete sa.Se allage yo nan youn kacho prizon kote yo bliye yo. Men gwo vòlè, gran Nèg ak gran Nègès devan Letènèl, lè w anfas yo, se koube byen ba pou montre yo respè.

M ap pran youn egzanp ke nou tout konnen. E mwen pran l paske pa gen okenn mwayen pou mounn vin di m se pa vre. Si m te gen milyon, mwen ta menm parye milyon ke sa m pral di a se bon jan verite. M ap kite Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) an repo fwa sa a. Se pa paske m bliye l non. Menmap ba l youn ti kanpo. M ap konsantre sou pi gwo chèf la, «Bandi legal la». Mezanmi, èske msye pa youn bon prèv ke gwo vòlè pa gen memn tretman ak ti vòlè ? Anvan Mateli «Swit Mimi», te vin poze kandidati l kòm prezidan, msye te nan malsite. Li te oblije kriye fayit sou 3 kay li te genyen. Mwen ta ka rantre nan lòt koze tou pou m montre nou ke msye te youn avadra, men m ap kite sa pou le moman. Sèl sa m ka di, ekonomikman, afè Michèl Mateli pa t bon ditou !

Episa k rive lè l pran rezidans nan Palè a, menm si se Palè anba tant ? Li kòmanse mete an pratik sa l te gen nan tèt li a. San okenn lwa, piske se li k lalwa, li deside pou l milyonnè pou tout rèslavi l. E pa li menm sèlman, men tout fanmi an tou. Premye konbinezon li deside pou l fè milyon l yo, ti milyon pou kòmanse, se te nan vwayaj aletranje. Li pase lòd ke «pèdiyèm» nise 20mil dola ameriken epi 10 mil dola pou madanm ni. Nou konn sa k « pèdiyèm » nan, pa vre ? Pou mounn ki pa konnen,se kantite lajan pou prezidan an depanse, e madanm ni tou, pou chak jou yo pase nan vwayaj aletranje.

Enben,se konsa prezidan Michel Mateli ak madanm ni Sofya se koup prezidansyèl ki te è plis vwayaj aletranje diran 5 an yo pase nan Palè a. Pou « Swit Mimi » ase, li te fè plis pase 3 milyon dola vèt nan «pèdiyèm». Pandanstan, pèp la ap desann nan lamizè pi rèd. Grangou ap pete fyèl malere. An menm tan, pou pete mounn ki pakonnen, Sofya lage l nan òganizasyon tankou «Ti Manman cheri» ak youn bann lòtsimilak, pandan l ap plen pòch li. Ēske tou sa se pa konbinezon vòlè, gwo vòlè, ki pa gen kont pou rann bay pèsonn.

Ti salè 10 mil dola ameriken pa mwa pa ta ka ase pou prezidan an vin milti-milyonnè. Kijan m konnen li milti-milyonnè a ? Menm jan nou tout nou konnen l nan. Ankò, se pa mwen ki di. Evidans la la devan je nou tout. Kote prezidan an jwenn lajan pou l bati youn chato bò lanmè, pa twò lwen Sen Mak, pou 9 milyon dola ? Pandanstan an pou l ale nan chato a, fòk li pase devan Kanaan, pi gwo bidonvil ki egziste depi apre tranbleman d tè 12 janvye 2010 la. Ēske se pa youn krim sa ? Malere, ki te pèdi tou sa yo te genyen, oblije ap rete anba kay pay, lòtse ak tach yo kouvri ti pye-t-atè yo, ki ka twonpe solèy, men ki pa ka bay lapli manti. Epi prezidan tout pòv yo ap banbile nan chato l ki pa menm 10 kilomèt de gwo bidonvil la. Li reyisi nan tou sa, paske li se GWO VŌLĒ !

Anon, sa se twòp atò ! Fòk yo jije ! Men pou sa rive fèt, fòk tout sitirèz vòlè yo rache manyòk yo epi bay tè a blanch. Sa p ap fasil, men pawòl la disi gen volonte pa gen anyen nou p ap rezoud. Donk, nou tout k ap li m kounnye a m ap mande nou met gason ak fanm sou nou. Li lè li tan pou n sispann fè diferans ant ti vòlè ak gwo vòlè !An verite, gwo vòlè yo lakòz peyi a nan sitiyasyon l ye a. Gwo vòlè pa enkyete pou anyen, pa menm pou kidnaping k ap fèt tou le jou kounnye a. Yo konnen pa gen okenn kidnapè k ap rive sou yo. Yo ranmase milyon pou yo te bay pèp la manje ak sekirite. Men sa pa regade yo.

Pou konbyen tan ankò n ap sipòte vòlè nan tèt peyi a ? Ēske n pa wè se yo menm ki mete n nan sitiyasyon nou ye a ? Fòk nou kòmanse trase youn egzanp ke pèsonn p ap ka bliye. Fòk nou fè gwo vòlè konnen nou nan fifti-wann (fifety-one) yo. Lè yo pa atann yo konsa, y ap santi fòs pèp la ! Grenn Pwonmennen 19 fevriye 2020


Cet article est publié par l’hebdomadaire Haïti-Observateur, édition du 19 février 2020 VOL.L, No.7, New York, et se trouve en P. 6 à : http://haiti-observateur.ca/wp-content/uploads/2020/02/H-O-19-february-2020-1.pdf